Joshua 8:20
Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:28Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife.
Judges 20:41Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo.
Psalms 48:5(048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
Isaiah 34:10L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
Revelation 6:15Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo.
Revelation 19:3Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.