Joshua 9:1
Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la.
Cross References
Exodus 3:17Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
Exodus 23:31M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.
Numbers 13:29Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
Deuteronomy 1:7Ranmase tout zafè nou pati. Ale nan mòn peyi Amori yo ak nan tout lòt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mòn yo, nan fon yo, nan Negèv la bò sid ak bò gwo lanmè Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bò gwo larivyè Lefrat la.
Deuteronomy 4:49Yo te pran tou tout zòn Araba a, ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an, rive lanmè Mouri a nan pye mòn Pisga.
Joshua 1:4Peyi a pral konmanse depi nan dezè a sou bò nan sid, jouk mòn Liban nou wè laba a, nan nò. L'ap pran tout peyi moun Et yo, depi larivyè Lefrat sou bò solèy leve, jouk gwo lanmè a sou bò solèy kouche.