Joshua 9:20
Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a.
Cross References
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
Proverbs 20:25Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
Ezekiel 17:15Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.
Zechariah 5:3Epi li di m': -Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou.
Malachi 3:5Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.
1 Timothy 1:10pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.