Joshua 9:24
Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Koulye a, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l' la.
Cross References
Exodus 23:31M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.
Numbers 33:55Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.
Deuteronomy 7:23Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt.
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
Joshua 6:21Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.
Joshua 10:2Tout moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda.