Judges 1:16
Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:18Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.
Exodus 18:7Moyiz soti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l' pou di li bonjou, epi li bo l'. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.
Exodus 18:14Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?
Numbers 10:29Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
Numbers 21:1Wa lavil Arad la, nan rejyon Negèv la, te yon moun peyi Kanaran. Lè li vin tande moun pèp Izrayèl yo t'ap vini sou chemen ki mennen Atarim lan, l' al atake yo. Li fè kèk ladan yo prizonye.
Deuteronomy 34:3tout zòn Negèv la, fon larivyè Jouden an, depi plenn Jeriko, lavil pye koko ginen yo, desann jouk lavil Zoa.