Judges 11:16
Paske lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:7Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tout ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat.
Numbers 14:25Y'a rete nan plenn kote moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo rete koulye a. Denmen n'ap fè bak, n'a tounen nan dezè a ankò nan direksyon Lanmè Wouj la.
Deuteronomy 1:40Men nou menm, tounen tounen nou nan dezè a! Pran chemen Lanmè Wouj la ankò!
Joshua 5:6Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.