Judges 12:4
Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 32:39Moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, pati pou peyi Galarad kote moun Amori yo te rete a. Yo anvayi tout peyi a, yo mete moun Amori yo deyò.
Judges 11:10Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.
Nehemiah 4:4Lè sa a, mwen menm, Neemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l': -O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.
Proverbs 12:13Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa.