Judges 14:15
Sou katriyèm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tèt mari ou, fè l' ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avè ou ladan l'! Gen lè se pou eskanmòte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 12:1Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
Judges 16:5Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (01.100) pyès lajan.
Proverbs 5:3Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
Micah 7:5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!