The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 14 › Judges 14:17

Judges 14:17

Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.

Bib La

In The King James Version

And she wept before him the seven days, while their feast lasted: and it came to pass on the seventh day, that he told her, because she lay sore upon him: and she told the riddle to the children of her people.

In Context

16Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'?

18Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l' al dòmi, mesye lavil yo di l' konsa: -Kisa ki pi dous pase siwo myèl? Kisa ki gen plis fòs pase lyon? Samson di yo: -Si nou pa t' travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!

Read all of Judges 14

Cross References

Genesis 3:6Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.

Judges 16:13Dalila di Samson: -W'ap pase m' nan betiz toujou. W'ap ban m' manti. Tanpri, moutre m' kijan yo ka mare ou. Samson di l': -Si ou pran sèt très cheve m' yo ou trese yo ansanm epi ou kenbè yo ak yon gwo peny, m'ap pedi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.

Job 2:9Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!

Proverbs 7:21Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte.

Micah 7:5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!

Luke 18:4Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l': Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 14:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 14:16Judges 14Judges 14:18 →