Judges 14:19
Lè sa a, lespri Seyè a desann sou Samson pou ba l' fòs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:10Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
Judges 14:6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
1 Samuel 6:4Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.
1 Samuel 11:6Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè.