Judges 15:14
Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:3Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a.
Judges 3:10Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
Judges 14:6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
Judges 15:9Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.
Judges 16:12Dalila pran kèk kòd tou nèf, li mare Samson avèk yo, epi li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Li te mete moun yo kache nan lòt chanm lan. Men, Samson kase kòd ki te mare bra l' yo tankou si se te fil yo te ye.
1 Samuel 4:5Lè Bwat Kontra Seyè a rive nan kan an, tout moun Izrayèl yo bay yon sèl gwo rèl, tè a tranble.