Judges 15:18
Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!
Bib La
In The King James Version
In Context
17Lè li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mòn zo machwè.
Cross References
Genesis 12:12Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'.
Genesis 32:31Solèy te gen tan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li.
Judges 14:3Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen.
1 Samuel 17:26David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?
1 Samuel 27:1David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò.
Psalms 3:7(03:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.