Judges 16:15
Dalila di l' konsa: -Ou pa bezwen di ou renmen m' menm, paske ou pa sensè avè m'. Sa fè twa fwa ou pase m' nan betiz. Ou pa janm di m' ki bò ou jwenn tout fòs sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 29:20Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
Judges 14:16Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'?
2 Samuel 16:17Absalon di l' konsa: -Se konsa ou te bon zanmi David la? Poukisa ou pa t' ale ansanm avè l'?
Proverbs 2:16Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.
Proverbs 23:26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
John 14:15Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.