Judges 16:17
Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 6:5Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.
Proverbs 12:23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
Proverbs 29:12Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.
Acts 18:18Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve.