Judges 17:10
Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Moun Levi a te dakò pou l' rete lakay Mika ki te sèvi avè l' tankou pwòp pitit gason l'.
Cross References
Genesis 45:8Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la.
Judges 18:4Li reponn yo: -Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m', epi m'ap sèvi l' prèt.
1 Samuel 2:36Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l' yon ti lajan ak yon ti manje, l'a lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l' ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l' manje.
2 Kings 6:21Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: —Touye yo, papa mwen? Touye yo?
2 Kings 13:14Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: —Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre!
Isaiah 22:21M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l'. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l' avè l'. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l': l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida.