Judges 18:2
Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 42:9Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l' yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.
Joshua 2:1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
Joshua 17:15Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou.
Judges 13:2Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit.
Judges 16:31Frè l' yo ansanm ak tout fanmi l' yo desann vin pran kadav la. Yo pote l' tounen lakay yo, yo antere l' nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan (020 an) ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.
Judges 18:8Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.