Judges 18:24
Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:30Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè?
Judges 17:13Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt.
Psalms 115:8Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
Jeremiah 50:38Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo.
Ezekiel 23:5Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo.
Acts 19:26Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.