The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 18 › Judges 18:30

Judges 18:30

Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.

Bib La

In The King James Version

And the children of Dan set up the graven image: and Jonathan, the son of Gershom, the son of Manasseh, he and his sons were priests to the tribe of Dan until the day of the captivity of the land.

In Context

29Yo rele l' lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.

31Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.

Read all of Judges 18

Cross References

Exodus 18:3ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon.

Leviticus 26:1Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Deuteronomy 27:15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Deuteronomy 31:29Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.

Judges 17:3Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.

1 Samuel 4:2Moun Filisti yo pran pozisyon anfas moun Izrayèl yo pou yo goumen. Epi batay la konmanse. Moun Filisti yo bat moun Izrayèl yo byen bat, yo touye katmil (04000) moun konsa nan plenn kote yo t'ap goumen an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 18:30

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 18:29Judges 18Judges 18:31 →