Judges 19:10
Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:63Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.
Judges 1:8Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l'. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l'.
1 Chronicles 11:4David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou.