Judges 19:15
Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Judges 19:18Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.
Matthew 25:35Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.
Hebrews 13:2Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.