Judges 19:3
Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 50:21Non. Nou pa bezwen pè. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Se konsa, Jozèf te pale byen ak frè l' yo, li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li remoute kouraj yo.
Leviticus 20:10Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.
Judges 15:1Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre.
Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Hosea 2:16Jou sa a, l'a rele m' mari l', li p'ap rele m' Baal li ankò. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di sa.
John 8:4epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè.