Judges 19:6
Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non!
Bib La
In The King James Version
In Context
7Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò.
Cross References
Judges 9:27Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
Judges 19:9Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou.
Ruth 3:7Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'.
Esther 1:10Dènye jou fèt la, wa a t'ap bwè, kè l' te kontan. Li fè rele sèt nan nèg konfyans pa l' yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Obagta, Zeta ak Kakas.
Luke 12:19Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.
Revelation 11:10Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè.