Judges 2:11
Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.
Bib La
In The King James Version
And the children of Israel did evil in the sight of the LORD, and served Baalim:
In Context
Cross References
Genesis 38:7Men Er, premye pitit Jida a, pa t' fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l' mouri.
Deuteronomy 4:25Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.
Judges 3:12Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l' vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l' leve dèyè pèp Izrayèl la.
Judges 6:1Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan.
Judges 10:6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.
Judges 13:1Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.