Judges 2:16
Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:15Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab.
Judges 4:5Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.
Judges 10:1Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo.
Ruth 1:1Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t'ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab.
1 Samuel 14:48Li te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l' yo.
Nehemiah 9:27Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.