Judges 20:18
Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya.
Cross References
Genesis 49:8Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
Numbers 27:21L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.
Joshua 18:1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.
Judges 1:2Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo.
Judges 19:18Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.
Judges 20:23Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.