Judges 21:22
Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sèman nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 7:13Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,
Judges 21:7Kisa nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Seyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.
Judges 21:18Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.
Mark 10:6Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi.
Philemon 1:9m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,