Judges 4:15
Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 5:20Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera.
2 Kings 7:6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.
Psalms 83:9(083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
Hebrews 11:32Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo.