Judges 5:15
Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:23Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
Judges 4:10Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (010.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.
1 Chronicles 12:32Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (0200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.
Acts 15:39Lè sa a, yon diskisyon byen cho leve ant Pòl ak Banabas, tèlman yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran yon batiman, y' ale lil Chip.
2 Corinthians 11:2M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.