Judges 5:8
Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (040.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:17Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.
Judges 2:17Men, menm chèf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t' koute lòd Seyè a.
1 Samuel 13:19Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè.