Judges 6:10
Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:3Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Exodus 34:14Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
2 Kings 17:13Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.
2 Kings 17:35Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo.
2 Kings 17:38Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
Proverbs 5:13Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'.