Judges 7:15
Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:26Lè sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.
Genesis 40:8Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rèv nou yo.
Exodus 4:30Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la.
Judges 4:14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'.
1 Samuel 14:12Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.
2 Corinthians 10:4Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,