Judges 8:21
Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 8:26Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalen yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo.
Judges 15:12Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm!
1 Samuel 31:5Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil.
Psalms 83:11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
Isaiah 3:18Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,