bible.software › Judges › Judges 9 › Judges 9:50
Judges 9:50
Apre sa, Abimelèk ale lavil Tebèz, li sènen l' epi li pran l'.
Bib La
In The King James Version
Then went Abimelech to Thebez, and encamped against Thebez, and took it.
In Context
49Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dèyè Abimelèk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fò a. Epi yo mete dife nan fò a ak tout moun yo ladan l'. Se konsa tout moun ki rete nan fò Sichèm lan mouri. Te gen mil (01.000) moun konsa, fanm ak gason, ki mouri.
51Te gen yon gwo fò won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chèf yo, kouri al kache ladan l'. Yo fèmen tout pòt yo dèyè yo epi yo moute sou tèt fò a.
Read all of Judges 9
Cross References
2 Samuel 11:21Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.
This Verse In Other Editions
Study Judges 9:50