The Bible Software
bible.software › Lamentations › Lamentations 1 › Lamentations 1:5

Lamentations 1:5

Lènmi l' yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l' yo gen lapè avè l'. Seyè a ap fè l' soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo!

Bib La

In The King James Version

Her adversaries are the chief, her enemies prosper; for the LORD hath afflicted her for the multitude of her transgressions: her children are gone into captivity before the enemy.

In Context

4Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pesonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren.

6Lavil Jerizalèm pèdi tout prestij li. Chèf li yo tankou kabrit mawon ki pa jwenn zèb pou yo manje. Yo pa gen fòs pou yo kouri chape dèvan moun ki dèyè yo.

Read all of Lamentations 1

Cross References

Deuteronomy 4:25Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.

Deuteronomy 28:41N'a fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo.

Deuteronomy 28:44Se yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n' prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt.

Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.

Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.

2 Chronicles 36:14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Lamentations 1:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Lamentations 1:4Lamentations 1Lamentations 1:6 →