Lamentations 2:4
Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.
1 Samuel 28:16Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa?
2 Chronicles 34:25Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase.
Job 16:12Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
Psalms 7:13(07:14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
Isaiah 51:17Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!