Leviticus 11:27
Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:20Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.
Leviticus 14:46Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.
Leviticus 16:26Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
Leviticus 22:6L'a rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan.