Leviticus 19:10
Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Bib La
In The King James Version
In Context
11Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.
Cross References
Leviticus 19:25Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 25:6Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.
Judges 8:2Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè!
Isaiah 24:13Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an.
Obadiah 1:5Lè vòlò antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lènmi ravaje nou nèt ale non!