Leviticus 19:17
Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:41Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
Nehemiah 13:17Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!
Proverbs 9:8Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.
Proverbs 27:5Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.
Luke 17:3Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li.
1 Corinthians 5:2Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou.