Leviticus 19:7
Paske si nou manje l' sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.
Bib La
In The King James Version
And if it be eaten at all on the third day, it is abominable; it shall not be accepted.
In Context
Cross References
Leviticus 22:23Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l'.
Isaiah 1:13Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M' pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.
Isaiah 66:3Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.