Leviticus 2:16
Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l'a boule l' ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
15W'a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.
Cross References
Leviticus 2:1Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.
Leviticus 2:9Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule l' sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Psalms 141:2Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Hebrews 5:7Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.