Leviticus 22:27
-Lè yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l' dèyè manman l' pandan sèt jou. Depi sou wityèm jou a, nou gen dwa ofri l' pou boule nan dife pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
28Kit se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a.
Cross References
Exodus 22:29Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.
Leviticus 12:2-Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.
Leviticus 22:25Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n' ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p'ap asepte yo nan men nou.