Leviticus 23:11
Prèt la va balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal, pou Seyè a ka asepte resevwa nou. Prèt la va fè ofrann lan jou ki vini apre jou repo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:24W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann.
Leviticus 10:14Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.