Leviticus 23:22
Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Bib La
In The King James Version
In Context
23Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Leviticus 19:9Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè.
Deuteronomy 16:11N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.
Ruth 2:3Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.
Job 31:16Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.
Psalms 112:9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.