Leviticus 23:3
Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:23Moyiz reponn yo: -Men lòd Seyè a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Seyè a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rès la pou denmen.
Exodus 16:30Se konsa, lè setyèm jou a rive, pèp la pa fè ankenn travay.
Exodus 23:12N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.
Exodus 34:21W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt.
Leviticus 19:3Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Isaiah 56:2benediksyon pou moun ki fè sa m' di yo fè a epi ki toujou kenbe pawòl mwen yo fèm. benediksyon pou moun ki respekte jou repo a, pou moun ki pa mete men l' nan ankenn movezak.