Leviticus 23:40
Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:12Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
Nehemiah 8:14Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa.
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Matthew 21:8Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an.
John 16:22Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
Philippians 3:3Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.