Leviticus 25:28
Men, si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l' la jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:13Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò.
Leviticus 27:24Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la.
Jeremiah 32:15Paske yon lè yo va achte kay, jaden ak pye rezen nan peyi a ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
1 Thessalonians 4:13Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a.