Leviticus 25:35
Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:9Piga nou aji mal ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lè, nou te etranje nan peyi Lejip, kifè nou konnen sa ki rele viv nan lòt peyi.
Leviticus 25:25Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l' la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gen dwa fè sa.
Deuteronomy 15:7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
Deuteronomy 24:14Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo.
Job 31:16Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.
Psalms 41:1(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.