Leviticus 26:8
Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7N'a kouri dèyè lènmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou.
Cross References
Numbers 14:9Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
Deuteronomy 28:7Seyè a va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou.
Joshua 23:10Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la.
Judges 15:15Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil (01000) moun avè l'.
1 Samuel 14:13Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'.
1 Chronicles 11:11Pou konmanse, te gen Jakobeyam ki soti nan branch fanmi Akmoni an. Se li menm ki te chèf twa pi vanyan yo. Pou kont li, li batay ak twasan (0300) moun ak frenn li ase. Li touye yo tout yon sèl kou.