Leviticus 27:18
Men, si li fè l' kèk tan apre yo fin fete lanne rejwisans lan, prèt la va kalkile pri a sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, konsa l'a desann premye pri li te bay la.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Si li fè ofrann lan apre yo fèk fin fete lanne rejwisans lan, se pou l' peye tout pri a nèt.
Cross References
Leviticus 25:15Lè n'ap achte yon tè osinon lè w'ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k'ap vini an rive.
Leviticus 25:27L'a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l'a renmèt moun ki te achte tè a nan men l' lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k'ap vini an, epi l'a reprann tè li.
Leviticus 27:23prèt la va kalkile pri jaden an sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, epi moun lan va peye lajan an menm jou a. Lajan sa a va rete apa nèt pou Seyè a.