Leviticus 27:26
Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:2-Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.
Exodus 22:30N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.
Deuteronomy 15:19Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.
Nehemiah 10:36Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye.